"Lakou" Lirika
"Lakou" għandha lirika fil-lingwa Ħaiti.
It-tifsira "Lakou" ġejja minn Ħaiti lingwa u bħalissa mhix konvertita għal traduzzjoni bl-Ingliż.
LAKOU
Lirik ekri pa @tafamisoleil (Tafa Mi-Soleil)
Videyo Lirik reyalize pa @collabobrandingagency1733 (Collabo Branding)
_____________________________________________
Yon doulè ka ap manje w e doktè pa ka wè
Men latè gen vèvenn pou tout sa ki choke w
Yon rèl ka vle toufe w e fòs ou vle lache w
Men w se kinan mòn yo rivyè yo ka sove w
Nan lakou a
Bwè Asosi a
Veye lalin plenn pou jere koze aw
Ale anba mapou a
Jete kafe a
Take a breath and cry to Freda
M konn dlo je w sot anwo pou l teri nan pla pye w
E lafwa w plen tach touman ake kòlè
Men lòtbò rivyè a g on solèy k ap rele w
Kot lonbrik ou tere gen tout sa k pou fè w djanm
Pou kò a f on beny fèy kòmè
Pou nanm ou f on limyè konpè
Aaaaaaaaaadje
Lakou a soufle solèy sou fènwè mwen
Soufle chimen sou baryè mwen
Soufle kout ri sou doulè mwen
Klere m ou se Sole
Aboudayi
Bila bila kongo
Lè bouda fache kote li kote li kote li chita
Atè
Mete pye w lòtbò dlo a
Louvri je w sou lakou a
Lakou a
Voye je w sou lakou a
____________________________
Get MORE of Tafa Mi-Soleil:
► MORE GREAT VIDEOS:
@tafamisoleil/videos
► FOLLOW Tafa Mi-Soleil on Facebook:
► FOLLOW Tafa Mi-Soleil on Instagram:
► FOLLOW Tafa Mi-Soleil on Twitter:
► CHECK OUT MORE on Tafa Mi-Soleil Website:
ATTENTION: Any re-upload of this video on YouTube without authorizations will lead to permanent shut down of the channel.
#tafamisoleil #tafaayiti #tafahaiti #tafa #EPPhoenix #LAKOU #Tafamily #HaitianSinger #haitianculture
All rights reserved @HEMESA LLC